flag_haiti

2010, Yon Ane Lanfe Pou Pep Ayisyen

Apre batay Vètyè a ki te fèt ant esklav yo ak gwo lame Napoleon an, franse yo te oblije rache manyok yo bay Sendomeng blanch. Konsa premye janvye 1804 Ayitite vini you peyi endepandan,  e se premye peyi neg  nwè ki te pran endepandans sou la tè beni. Viktwa sila sete you gwo souflet nan figi peyi kolonyalis yo e se poutet saa yo te fè Ayiti peye chè pou yo te rekonnet endependans sila.

Dezan apre bel viktwa saa divizyion te koumanse toufe peyi a, kote ti neg te lage ko yo nan lekol chen manje chen. Se konsa 17 Oktob 1806, yo te menm rive anssasinen premye anperè peyi tou nef la Jan jak Dessalin ke listwa rekonet kom youn  nan gwo towo kite batay anpil pou libèré Ayiti. Depi lè saa soley leve, soley kouche, Prezidan kouri, prezidan mouri, politisyen onet disparet, e gen nan yo ki menm  pran egzil e  ki sèmante yo pa janm tounen. Se situasyion saa ki mennen peyi  anba Duvalie, yon kanson fè ki pat pote pantalon li pou bèl twèl. Lè yo te rive dechouke rejim diktati saa  an 1986, li te lè li te tan;  tout moun te panse peyi a ta pral pran you souf anba politisyen popetwèl  men tipep saa te fek kare pase mizè.

De 1986 pou rive jounen jodi a, se menm penpemp la. Lalinn chanje men klass politik san koutya a pa janm chanje, menm jenn gason ki te konn ap lite pou sa chanje rantre nan menm relijion koripsyion an. Zak malonet sa yo mete ekonomi peyi  a zewo, lekol sou mouda ak you agrikilti dyol bokyè kifè peyi a paka pran swen pwop pitit li. Sou chak di mil moun gen you sèl grenn doktè pou bay swen. Pi fo moun ki konn li ak ekri nan peyi-a kraze kite saa; yo pran chimen peyi etranje al bouske lavi miyo. Sak pi mal la, lajenès peyi a dezoryante, zenglendo, chimè ak attache kembe la pe ak sekurite an otaj, sa ki lakoz peyi a andikape.

Tout moun mete demen nan tet ap rele anmwey paske yo pa gen lespwa. Chak gouvenman ki pran pouvwaa, se you kesyion de plen poch yo. Zafè peyi pa zafè pa yo, pitit yo ap fè gwo etid nan peyi blan e fanmi ak zanmi yo tounen yon kolonn sansi kap souse tout ti san pèp la . Si ou pa gen gwo parenn, ou pa ka jwenn travay gouvenman. Pandan lèzot ap foure men nan kes leta, kaoutyou ap boule tout lasent jounen, wout kraze, machinn ap boule, malerez ret lakay san travay, timoun paka al lekol, you peyi tet anba. Tout moun ki ta ka di you mo pran la perez, yo oblije femen bouch yo pou yo pa pran prizon ou byen fè vwèl pou peyi san chapo; peyi a menm ap degringole, lap monte you maswife pa bak, lap danse you dans yanvalou.

Pi gwo kou ki pral touye koukou a te pase 12 Janvye. Madi sila te you jounen tankou tout lot jou. soley la te byen klere kom dabitud, zwazo nan bwa tap fe conse, tout moun tap regle koze sa yo san panike. Pa gen moun ki te ka imajine ki kou la nati ta pral bay Ayiti, you kou kap toujou rete grave nan listwa, ke ayisyen e menm etranje pap janm bliye. Nan kek segond selman yon tranbleman de tè dechalbore tout klass sosyal li te jwenn, tout sa nou te genyen ale. You lot fwa anko Ayiti ap fe pale de li e se la nati ki te fel abu sa.  Ayisyen pèdi vi yo kou grenn lapli, bagay ki pa janm fèt nan listwa peyi-a. Jou sila anwo pat monte , anba pat desann , peyi a te bloke, anndan kou deyo tout moun se dlo nan je paske si yo pat pedi youn ou de twa moun, yo te pedi tet yo.

Pandan ke etranje tap fe dilijans pou vinn ede sinistre yo ak soufrans sa, lakay menm se te kom si leta pat ekziste, menm reyini yo pat paka reyini, doulè a te red anpil pou yo tou. Dal beton ap pete fyel moun, kife anpil ladan pat gen mwayen chape poul yo. Te genyen rèl tou patou: paran tap chache pitit, mari tap chache madanm, vwazinj men nan tet, komninikasyion koupe, sak gen chans chape te kouvri ak pousyè la tet o pie e peyia te fè nwè tankou lank. Se jou saa ke ayisyen te resi konnen sak rele lanfè. De twa jou poko pase kadav nan tout la ri te koumanse dekonpoze. Se sa kit e pouse moun yo antere sa yo te kapab e boule sak ka boule pou pote delivrans ak move zodè ki anpeche moun respire. menm jounalis te declare ke se premye fwa nan vi yo te konstate yon bagay konsa. Vivan ak mo menm kote, tout moun nan lari e se la yo te oblije domi paske kay yo kraze.

Tout kote moun sou la te beni tap kole zepol avek Ayisyen apre kalamite sa. Depi 12 Janvye pou jouk jounen jodi’a, je lemonn brake sou Ayiti. You peyi ki te deja gen pwoblem, bagay la te  vinn pired. Tout moun te oblije chache you tant, fe yon ti kay nan tout espas vid tankou teren foutbol pou yo te rete, gen lot se nan lakou lakay yo fe yon tant oubyen yon tikay tou paske te a te kontinye ap tranble. Tout moun ki pat  konn priye prese kouri legliz paske pou yo sete sou siyy ke Jezi tap tounen.

Mezanmi bagay la poko fini non, sa se te troket la. Siklonn Toma pase, li touye plizyè moun e sa ki pat mouri, sinistre. Nan komansman mwa oktob la, bri kouri de yon maladi ki rele kolera ki tap fè ravaj nan depaeman Latibonit. Nan de mwa selman kolera te rive touche tout kat kwen peyi a ap kolecte kadav. Otorite yo rapote gen 3350 moun ki mouri, san konte 104.000 lot ki lopital. Dapre nouvel ki bay ta sanble se solda etranje ki vinn lage maladi atoufè saa nan lakou peyi Dayiti. Menm moun saa yo kite vinn pote ayisyen sekou a, se yo menm ki pote pwop lanfè pa yo pou detwi inosan.

Komsi tou, sa pat ase pou pep la, apre tranbleman de tè, siklonn, kolera, nou vinn pran anba you eleksyion magouy ki te fet jou Dimanch 28 Novanm 2010.Telman sa te pase mal you koalisyion 12 kandida te mande pou yo anile eleksyion an. Lè KEP te resi bay rezilta eleksyion an, kandida yo pete koken , moun pran lari e Ayiti te plonje nan you lot kriz vyolans pou denonse magouy ki te fet nan eleksyion sila. Nou telman paka antann nou se OEA ki gen manda pou-l rekonte vot yo e nan sans saa dezyem tou eleksyion  ranvoye e pyes moun pa konn pou kilè, ni  kilè Preval prale. Se kesyion sa tout moun ap poze jounen jodi-a

Mezanmi men istwa peyi Dayiti pou ane 2010 la, you ane madichon, malatyionn, you ane piman ki pote tout mizè. Anpil moun di eske 2010 pata you ane pou nou menm ayisyen ta pran kom egzamp pou nou pran konsyans pou timoun nou yo demen pa mande ki sa nou tap fè jan Tropicana d”Haiti dil nan kanaval 2009 li a.

Gerald Toussaint,

About these ads

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s