Tande: Pou nou pa bliye

Tande: Pou nou pa bliye.

Dimanch 16 janvye 2011 Jean-Claude Duvalier tounen Ayiti. Gen anpil moun, ann Ayiti ak lòtbòdlo ki poze tèt yo kesyon sou retou sa a. Genyen ki di yo sezi, yo pa konprann kòman Duvalier fè santi l alèz pou li rantre nan peyi a. Yo pa konprann kòman fè gen moun ki akeyi l san pwoblèm, ki mande pou li pran plas li nan sosyete a. Se vre gen moun k ap mande pou sosyete ayisyen an padone Jean-Claude Duvalier, ki mande pou nou tout rekonsilye pou sosyete a ka vanse. Sa ki klè se ke kesyon diktati a, sa l vle di, konsekans li ka genyen, tout ap debat jounen jodi a.
Youn nan kesyon ki soulve nan deba sa a, se kesyon memwa sosyete a. Nou te deja abòde kesyon sa a parapò a dat 12 janvye ki sot pase a. Gen anpil aktivite ki fèt pou make jou sa a, pou nou kenbe evenman an ak tout moun ki disparèt yo, tout sa ki blese yo, tout sa ki sibi yo nan memwa n. Men travay sa a pa fèt pou lòt evenman nan istwa peyi nou. Rejim Duvalier a se yon egzanp ki klè. Sistèm lekòl ayisyen an pa montre elèv yo kisa rejim Duvalier a te reprezante, kote li te soti, kijan li te fonksyone, ki konsekans li te gen sou sosyete a. Klas politik la pa tèlman pale sou sa non plis, menm lè gen anpil nan yo ki te viktim rejim Duvalier a.
Men sa pa vle pa gen okenn memwa rejim Duvalier a nan sosyete a ditou. Depi kèk jou, anpil moun ki te sibi represyon rejim sa a, anpil moun ki te temwen sa k te fèt nan epòk la ap pran lapawòl nan radyo ak televizyon. Yo ekri nan jounal tou. Genyen ki te deja pibliye liv sou sijè diktati a. Nan istwa literè peyi nou, gen plizyè reprezantasyon rejim Duvalier a ak lòt rejim diktati. Anplis merit literè yo, liv sa yo enpòtan paske se memwa peyi a yo charye. Men yon lis kèk liv fiksyon ki trete kesyon diktati a. Mwen si gen lot mwen bliye.Tanpri, sèvi ak espas kòmantè a pou ede m konplete lis la. Fòk nou pa bliye.
NM
Publié par Tande à l’adresse 10:32