Haiti: Jenes Ayisyen, Kote Baton Moyiz Ou

Nan Tan n Moyiz ak late Pwomiz Nou tounen pwa tan n

Jounalis ak etranje ki komante sou sitiyasyon peyi dAyiti ta sanse vle fè moun konpran n ke ayisyen fet ak bol ble yo nan men yo, tankou ti pov ak reskiye ki toujou ap tan n moun fè pou yo. Apre katastrof douz Janvyie a menm, dezagreman sa a vi n pi rèd ato. Yo bay ayisyien tout move definisyion ki gen nan diksionè. Yo di: Ayisyien pov, malnouri, iletre, koronpu, ah se mo yo bliye selman ke yo pa boure nan kolet pep la. Pou dat maling sa a ap ronje moral popilasyon an, Moun sa yo fè tankou se pou la premie fwa ke yo tande pale de Ayiti ak kolon n vanpi nan gouvenman an ki fin n souse tout san sitwayen peyi a.

Mwen sispèk ke koze de gren n goch sa yo fe Tonton Dessalines ak Toussaint vire tet anba nan sèkey yo apre tout sakrifis gwo toro sa yo te fe pou retire noun nan ma labou blan franse te kon n mete nou domi, map mande m si tout san sa yo te koule pou granmesi. Le nou kalkile ak sa neg brav sa yo te reyalize, nou ta oblije poze tet nou you sel kesyion: poukisa yo te fè tout sakrifis sa yo? Si m te gen chans fè you ti pale ak zotobre sa yo, se kesyon sa mwen tap lage nan lestomak yo anvan.

M gen enpresyion ke yo tap mandem you ti griyo ak banan n peze, bon jan pikliz ak you ve ji grenadia byen glase anvan yo ta rive repon mwen. Lè vant yo ta fin n byen len, yo tap souflete m tankou moun fou a koz de kesyon dwol sa a; paske apre 206 zan endepandans nou pa ta supoze ap mande tèt nou pouki sa yo te goumen ak blan je vèt malfektè yo pou yo te vini met tet yo.

Sou menm dosye sa a anpil gro filosof ak neg save ki kon n zafè listwa byen fè konen ke zansèt nou yo te bouke ak eskalvaj, e se pout tèt sa yo te rive pran lèzam kont kolonialis yo. Sa se you bon rezonman paske kondisyion eslav yo tap viv nan epok sa a, menm chen devan pot blan yo, yo pat trete l konsa. Alos ti neg te set oblije mete blan franse san koutia yo nan wol yo. Apre denye batay Vetyè a kote anpil ladan yo te mouri tet nwè, ti rès la te mande pye yo ki sa yo te manje ke yo pat bali, yo te rache manyok yo e bay tè a blanch.

Wi, sou pwen sa a nou dako ak gro filosof yo; fok zansèt nou yo te di sèt ase. Men, le nou reflechi pi fon toujou, nou reyalize ke gen you lot dimansyion ke save yo pa mansyone. Se sa mwen panse ke Dessalines ak tout lot konpatriyot revolisionè yo tap repon mwen. Yo tap dim ke malgre abu ke yo te subi, revolusyion an pat fèt pou yo, se te pou tet mwen ak tout lot jenerasyion ki fet nan peyi a pat leve esklav tankou yo, pou nou te ka vi n gran moun tet nou. Si kanson fè sa yo pat pran gwo inisyativ sila, Ayisyien te kapab toujou ap fè tyoul blan nan move kondisyion jouk jounen jodi a: bagay sal net.

Vizion liberate sa yo te depase epok yo tap viv la, si non, apre viktwa endepandans la yo ta bat deye yo e retounen an Afrik sou te natif natal yo ak zansèt yo. Men yo te eseye fome you gouvenman pou ran n la vi miyo pou tout generasyon ki te gen pou leve nan peyi a. Alos, si revolusyion sa se te fèt pou mwen ak ou, poukisa olye ke nou fè menm jan ak yo pou n prepare peyi a pou lot generasyon ki gen pou vini, se krache nap krache sou san ero nou yo?

Toussaint ak Christophe pat rete tan n se blan explwatè ki te vini lonje la men ba yo, Nèg sa yo te pran destine yo nan pwop men yo; malgre tout fos ki tap lite kont yo, finalman efo yo te abouti. Nou menm tou, nan kalfou nou rive la a, nou paka nan tan n Moyiz ak latè pwomiz pou vini delivre nou anba lanmè wouj sa ki kanpe an kwa sou chimen pwogre peyi a. Nou deja we kijan etranje yo malminnen nou pendan 206 zan depi Ayiti endepandan. Se you baf aprè you lot. Lè sa bon pou yo, yo la, men lè sa pase mal tout moun kraze rak epi yo kanpe lwen yap ri nou kap jemi.

Jan Ayisyien se pèp ki fyè de tet li, kisa ki rive nou jounen jodi a kifè menm ijièn se moun ki pou ap montre nou kijan yo fè sa. Si boss Dessa te la, kisa li tap dinou? Mwen bouke we moun ap lonje men banmwen. Nan moman sa a, nou pa kapab panse ak pwop tet pa nou anko, paske se pa wol nou. Se te wol magouye ki te la anvan nou yo. Men nou menm kila toujou, ki peyi nou pwal kite pou pitit nou? Si nou pa komanse panse konsa e komanse chanje atitud nou sou avni peyi nou, ebyien tout san sa yo kite koule a koz de nou se te lave men siye atè.

Wi, fyel ti peyi a fi n pete, e nou fè anpil move kalkil tou ki minnen nou kote nou ye jodi a. Bagay tranbleman de te sa te soti pou fini avèk nou nèt. Men kom granmoun lontan yo toujou di, “tou tan tet ou poko koupe, w espere mete chapo,” ki vle di nou menm ayisyen  ki gen ti souf toujou, boul la nan pye w. Nou kapab pa nan pozisyion pou nou bay gol, men nou ka fe ti pas jouktan nou rive bay you n. Pa gen kesyion de fè le pou nou fè match nul paske toutan nou pa mete tabak nan pip magouyè sa yo, yap toujou panse ke nou ka fe tyoul yo. Se lè nou mete balon an nan file advèsè a ya banou respe. Zafè lonje men nou pou zot ban nou sa li vle, nou te met bliye sa paske Ayisyen kon n gou diol yo.

m voye you gwo kout chapo pou Gerald Toussaint pou kontribusyion l nan teks sa a

Rapadoo,

Advertisements

Tande: Pou nou pa bliye

Tande: Pou nou pa bliye.

Dimanch 16 janvye 2011 Jean-Claude Duvalier tounen Ayiti. Gen anpil moun, ann Ayiti ak lòtbòdlo ki poze tèt yo kesyon sou retou sa a. Genyen ki di yo sezi, yo pa konprann kòman Duvalier fè santi l alèz pou li rantre nan peyi a. Yo pa konprann kòman fè gen moun ki akeyi l san pwoblèm, ki mande pou li pran plas li nan sosyete a. Se vre gen moun k ap mande pou sosyete ayisyen an padone Jean-Claude Duvalier, ki mande pou nou tout rekonsilye pou sosyete a ka vanse. Sa ki klè se ke kesyon diktati a, sa l vle di, konsekans li ka genyen, tout ap debat jounen jodi a.
Youn nan kesyon ki soulve nan deba sa a, se kesyon memwa sosyete a. Nou te deja abòde kesyon sa a parapò a dat 12 janvye ki sot pase a. Gen anpil aktivite ki fèt pou make jou sa a, pou nou kenbe evenman an ak tout moun ki disparèt yo, tout sa ki blese yo, tout sa ki sibi yo nan memwa n. Men travay sa a pa fèt pou lòt evenman nan istwa peyi nou. Rejim Duvalier a se yon egzanp ki klè. Sistèm lekòl ayisyen an pa montre elèv yo kisa rejim Duvalier a te reprezante, kote li te soti, kijan li te fonksyone, ki konsekans li te gen sou sosyete a. Klas politik la pa tèlman pale sou sa non plis, menm lè gen anpil nan yo ki te viktim rejim Duvalier a.
Men sa pa vle pa gen okenn memwa rejim Duvalier a nan sosyete a ditou. Depi kèk jou, anpil moun ki te sibi represyon rejim sa a, anpil moun ki te temwen sa k te fèt nan epòk la ap pran lapawòl nan radyo ak televizyon. Yo ekri nan jounal tou. Genyen ki te deja pibliye liv sou sijè diktati a. Nan istwa literè peyi nou, gen plizyè reprezantasyon rejim Duvalier a ak lòt rejim diktati. Anplis merit literè yo, liv sa yo enpòtan paske se memwa peyi a yo charye. Men yon lis kèk liv fiksyon ki trete kesyon diktati a. Mwen si gen lot mwen bliye.Tanpri, sèvi ak espas kòmantè a pou ede m konplete lis la. Fòk nou pa bliye.
NM
Publié par Tande à l’adresse 10:32

 

Mezanmi, lavi pap di w

Ana se moun Nanpré, se moun kite lekol kay sè, se moun moun paran li pat konn sak te rele la mizè. Lè manmzel te finn fè filo, li te enskri nan lekol enfimyè. Apre li te bat tout kandida, li te lorea e li te kembe kompa saa jiskaske li te fini etud li ki te dire twazan. Direktris lekol nan seremoni graduasyion te set oblije mete chapo ba devan Ana paske se premye fwa li te jwenn you elev briyan tankou pitit saa.

Men, manmzel pat konn jwe ak moun, ni moun bolakay li, ni paran li e tout kondisip li konn dil li enteresant anpil. Wa brode paw, men li pat telman you bèl fanm pase sa, epi tou li pat mal non plis. Kom se li ki te lorea yo te bal anpil rekonpans tankou bal biyè gratis poul vini nan peyi blan, epi li te jwen bous poul al etydye enfomatik gratis. Yo te fel kado you bel komputè tou nef e pi gwo chans li te genyen se le yo te voye-l al fè sosyal li nan lopital Kanapevè, gwo koze. Nan koumansman staj la tout moun te ap gade manmzèl sou aparans paske yo pat konnen ki sa li gen nan zo bwa tet li, nou konn ayisyen. kèk mwa apre pou pefomans li yo te ofri-l diob rapid rapid, you bagay manmzel pat pran tan pou li te aksepte.

Fok mwen di nou, Ana pat konn zafè renmen paske manman li te toujou ap dolote’l. Li te toujou di Ana se poul fini ak etid li anvan li tonbe nan zafè saa. A koz de sa, tout gason kite koze ak li, genyen kite ofri-l lo ak dyaman li pat menm gade yo paske li te vle swiv konsey manman li yo. Pandan manmzel tap travay lopital la, li te jwen anpil doktè kase ti bwa nan zorey li men li pat aksepte malgre lite nan laj poul fè sa.

Genyen li te renmen men gen ladan yo li pat ka menm tande vwa yo. Gen you doktè yo rele Lafond kite lage nan ko manmzel , misye te arroyo, le-l vinn travay depi Miss Ana la, li pap fè anyen se nan ko pitit moun yo li lage. Dyol misye te dous tankou siwo myel e frannse li yo ou ta di se ti pè-a ki tap pale.You jou Ana tap fè de nwi e li te rive yo moman nan nwit lan li tal fè yo ti repoze e pandan li nan fon somey li santi you moun kap pase men sou li, li rele anmwey anmwey tout lopital reveye e sete Doktè Lafon ki te pèdi je crois en Dieu li, lwa moudong li monte-l. Li di li te bezwen wè eske Miss Ana pot ko nan gason.

Mezanmi gwo eskonbrit pete. Se bagay saa ki fè Ana konnen ke Doktè Lafon te marye e li te deja gen pitit. Erezman, li pat pran nan kraponay mouche atoufe saa. Kom direktè lopital la pat ka gade you koze konsaa selman nan je, li rele polis kite mete Dok Lafon anba kod.

Mezanmi depi premye jou yo arete misye a. Miss Ana te konmase ap pran presyion nan men ni fanmi, ni zanmi dokte-a kap trete de tout bèt. Yo te menm arive fel menas: yo te dil si misye pa lage yap fè you jan ak li. Kom Ana pat gen zanmi chef pou ki koresponn ak moun sa yo li te oblije reponn wi prese ak you neg kite nan lapolis e kite Komisè e ki te renmen li depi li te nan lekol enfimyè. Men Komisè saa pat two kodyom pase saa, misye pat marye men li toujou ap fè ti pa chat li lilit ak anpil kliyan ke li te genyen, you bagay ke Anna pat janm konnen.

Aprè twa mwa renmen , Komisè Lubin te gentan ansent manze Ana. Pafwa lè ou bezwen sove tet ou, ou bliye tout sa ou konnen alewè si ou ta aplike yo pou tèt pa’w. Men pandan ansent saa, Ana wè ke gen de pwoblem li genyen se pa pwoblem lè moun konn ansent. Pov malerez la te pran kouraj li ak demen lal fé you test sida e rezilta’a te pozitif. Koze saa te al koz Ana te tou pran desizyion li pap rantre lakay e li foure tet anba you machinn li finn ak saa. Mezanmi men kijan Ana, gwo enfimyè saa ti rive mouri. Lè fanmi Ana aprann sak te rive-a yo peye you moun al fizye Dr Lafon kadejakè nan prizon kote li teye -a e Komisè Lubin pat pran twop tan tou pou-l fè vwel pou peyi san chapo tou menm jan ak Ana. Mezanmi lavi pap di ou.

Gerald Toussaint

Mizopwen sou retou Baby Dok an Ayiti

You pèp san memwa se you pèp san istwa

 

Nouvèl la te tonbe tankou you pate cho jou dimanch 16 Janvye 2011, lè gwo ajans pou laprès anonse ke ansyen Prezidan Jean-Claude Duvalier nan you avyion Air France pou rantre an Ayiti. Nouvèl sa te fè tout moun pantan paske yo pat prepare pou saa e yo te sezi tankou you zwazo ki te pran you kout woch fistibal. Aprè li finn pase 25 an an egzil nan peyi la Frans ansyen diktate  kraze zo Bebi Doc te deside rantre lakay li. Tout moun tap mande sa kap pase la. Soti 1804 pou rive jounen jodi a pèp ayisyen wè, li tande e li fet kare swiv.

Pandan ke peyi a ap monte monn Tapyon pa bak ak plizyè moun kap viv anba tant, you kantite kap soufri ak kolera ajoute ak lamizè grangou, plis you pwoblèm maskarad eleksyion, retou ansyen prezidan an se you pwoblem anplis pou ayisyen e plis pou ni moun kap jere e ni moun ki pral jere Ayiti.

Listwa rakonte ke Jean-Claude Duvalier ak tout fanmi li te kouri kite peyi-a lè pèp ayisyen te rele chalbare dèyè-l 7 Fevriye 1986. Lè saa tout fos makout ansyen prezidan te kraze rak e anpil la dan yo te rive mouri tou. Apre revolisyon sila anpil reyalizazyion gouvenman li a te kraze. Depi lè saa mysie tap viv nan egzil nan peyi Lafrans. Lè ansyen Prezidan Duvalier rive nan Potoprens anpil zanmi ak senpatizan li te al resevwa e sak pirèd la ta sanble pa gen moun nan gouvenman Preval la ki te konnen bagay saa. Pandan tout tan saa li te fè an egzil, patizan li yo te fè anpil bagay pou yo te pwopte imaj li nan lakou lakay.

Avèk retou ansyen Prezidan Duvalier anpil kesyion ap poze tankou: Li di li vle ede, ki kalite èd li pral bay? Gen moun ki di yo ta sipoze arete li pou kantite moun rejim li an te manje ak kantite lajan li te volo? Eske lap ka reprann tout byen li te kite yo? Eske patizan li yo ki toujou vivan pa pral okipe beton an preske chak jou? Eske retou li ya pa you pot pou ansyen general Henri Namphy, Raoul Cedras ak Prezidan Aristid kap viv an egzil pou yo  ta tounen Ayiti? Eske se pa you lot presyion an plis pou  gouvenman Preval la kap kole boyo? Se you ekip bèl kesyion ki merite kèk repons prese prese.

Jean-Claude Duvalier tounen nan you situasyion politik ki diferan ak epok li te kouri kite pouvwa an Ayiti. Moun ki nan ventenn yo pa konnen anyen de rejim li an si se pa granmoun yo ou byen listwa pou ki rakonte yo kek bagay. Pi fo moun ki te patizan rejim saa fè vwèl pou peyi san chapo, men-m si ta gen kek grenn ladan yo ki vivan toujou. Fason yo fè politik la chanje e jenerasyion kounye-a men-m si yo reproche yo de anpil vye bagay parèt pi ouvè e ta sanble pi eklere, paske sou tan pali a ou ta di advesè li yo , yo chak tap fe ti zafè pa yo depaman. Si nan tan pa-l la moun konn pè pale , jounen jodi a men-m si baboukèt la pa soti nèt, moun ka di sa yo panse menm si pafwa se tou ba.

Antouka nou mèt atann nou, nan jou kap vini la  bagay la pap dous menm Ayiti nan nivo politik . Pandan tan saa pèp la ap mouri nan grangou, lamizè ap jwe yoyo ak li, chalè ap touye li anba tant, e Kolera ap fè li jwe toupi. Kilè,  ki jou kap jou pou ayisyen.

Gerald Toussaint

2010, Yon Ane Lanfe Pou Pep Ayisyen

Apre batay Vètyè a ki te fèt ant esklav yo ak gwo lame Napoleon an, franse yo te oblije rache manyok yo bay Sendomeng blanch. Konsa premye janvye 1804 Ayitite vini you peyi endepandan,  e se premye peyi neg  nwè ki te pran endepandans sou la tè beni. Viktwa sila sete you gwo souflet nan figi peyi kolonyalis yo e se poutet saa yo te fè Ayiti peye chè pou yo te rekonnet endependans sila.

Dezan apre bel viktwa saa divizyion te koumanse toufe peyi a, kote ti neg te lage ko yo nan lekol chen manje chen. Se konsa 17 Oktob 1806, yo te menm rive anssasinen premye anperè peyi tou nef la Jan jak Dessalin ke listwa rekonet kom youn  nan gwo towo kite batay anpil pou libèré Ayiti. Depi lè saa soley leve, soley kouche, Prezidan kouri, prezidan mouri, politisyen onet disparet, e gen nan yo ki menm  pran egzil e  ki sèmante yo pa janm tounen. Se situasyion saa ki mennen peyi  anba Duvalie, yon kanson fè ki pat pote pantalon li pou bèl twèl. Lè yo te rive dechouke rejim diktati saa  an 1986, li te lè li te tan;  tout moun te panse peyi a ta pral pran you souf anba politisyen popetwèl  men tipep saa te fek kare pase mizè.

De 1986 pou rive jounen jodi a, se menm penpemp la. Lalinn chanje men klass politik san koutya a pa janm chanje, menm jenn gason ki te konn ap lite pou sa chanje rantre nan menm relijion koripsyion an. Zak malonet sa yo mete ekonomi peyi  a zewo, lekol sou mouda ak you agrikilti dyol bokyè kifè peyi a paka pran swen pwop pitit li. Sou chak di mil moun gen you sèl grenn doktè pou bay swen. Pi fo moun ki konn li ak ekri nan peyi-a kraze kite saa; yo pran chimen peyi etranje al bouske lavi miyo. Sak pi mal la, lajenès peyi a dezoryante, zenglendo, chimè ak attache kembe la pe ak sekurite an otaj, sa ki lakoz peyi a andikape.

Tout moun mete demen nan tet ap rele anmwey paske yo pa gen lespwa. Chak gouvenman ki pran pouvwaa, se you kesyion de plen poch yo. Zafè peyi pa zafè pa yo, pitit yo ap fè gwo etid nan peyi blan e fanmi ak zanmi yo tounen yon kolonn sansi kap souse tout ti san pèp la . Si ou pa gen gwo parenn, ou pa ka jwenn travay gouvenman. Pandan lèzot ap foure men nan kes leta, kaoutyou ap boule tout lasent jounen, wout kraze, machinn ap boule, malerez ret lakay san travay, timoun paka al lekol, you peyi tet anba. Tout moun ki ta ka di you mo pran la perez, yo oblije femen bouch yo pou yo pa pran prizon ou byen fè vwèl pou peyi san chapo; peyi a menm ap degringole, lap monte you maswife pa bak, lap danse you dans yanvalou.

Pi gwo kou ki pral touye koukou a te pase 12 Janvye. Madi sila te you jounen tankou tout lot jou. soley la te byen klere kom dabitud, zwazo nan bwa tap fe conse, tout moun tap regle koze sa yo san panike. Pa gen moun ki te ka imajine ki kou la nati ta pral bay Ayiti, you kou kap toujou rete grave nan listwa, ke ayisyen e menm etranje pap janm bliye. Nan kek segond selman yon tranbleman de tè dechalbore tout klass sosyal li te jwenn, tout sa nou te genyen ale. You lot fwa anko Ayiti ap fe pale de li e se la nati ki te fel abu sa.  Ayisyen pèdi vi yo kou grenn lapli, bagay ki pa janm fèt nan listwa peyi-a. Jou sila anwo pat monte , anba pat desann , peyi a te bloke, anndan kou deyo tout moun se dlo nan je paske si yo pat pedi youn ou de twa moun, yo te pedi tet yo.

Pandan ke etranje tap fe dilijans pou vinn ede sinistre yo ak soufrans sa, lakay menm se te kom si leta pat ekziste, menm reyini yo pat paka reyini, doulè a te red anpil pou yo tou. Dal beton ap pete fyel moun, kife anpil ladan pat gen mwayen chape poul yo. Te genyen rèl tou patou: paran tap chache pitit, mari tap chache madanm, vwazinj men nan tet, komninikasyion koupe, sak gen chans chape te kouvri ak pousyè la tet o pie e peyia te fè nwè tankou lank. Se jou saa ke ayisyen te resi konnen sak rele lanfè. De twa jou poko pase kadav nan tout la ri te koumanse dekonpoze. Se sa kit e pouse moun yo antere sa yo te kapab e boule sak ka boule pou pote delivrans ak move zodè ki anpeche moun respire. menm jounalis te declare ke se premye fwa nan vi yo te konstate yon bagay konsa. Vivan ak mo menm kote, tout moun nan lari e se la yo te oblije domi paske kay yo kraze.

Tout kote moun sou la te beni tap kole zepol avek Ayisyen apre kalamite sa. Depi 12 Janvye pou jouk jounen jodi’a, je lemonn brake sou Ayiti. You peyi ki te deja gen pwoblem, bagay la te  vinn pired. Tout moun te oblije chache you tant, fe yon ti kay nan tout espas vid tankou teren foutbol pou yo te rete, gen lot se nan lakou lakay yo fe yon tant oubyen yon tikay tou paske te a te kontinye ap tranble. Tout moun ki pat  konn priye prese kouri legliz paske pou yo sete sou siyy ke Jezi tap tounen.

Mezanmi bagay la poko fini non, sa se te troket la. Siklonn Toma pase, li touye plizyè moun e sa ki pat mouri, sinistre. Nan komansman mwa oktob la, bri kouri de yon maladi ki rele kolera ki tap fè ravaj nan depaeman Latibonit. Nan de mwa selman kolera te rive touche tout kat kwen peyi a ap kolecte kadav. Otorite yo rapote gen 3350 moun ki mouri, san konte 104.000 lot ki lopital. Dapre nouvel ki bay ta sanble se solda etranje ki vinn lage maladi atoufè saa nan lakou peyi Dayiti. Menm moun saa yo kite vinn pote ayisyen sekou a, se yo menm ki pote pwop lanfè pa yo pou detwi inosan.

Komsi tou, sa pat ase pou pep la, apre tranbleman de tè, siklonn, kolera, nou vinn pran anba you eleksyion magouy ki te fet jou Dimanch 28 Novanm 2010.Telman sa te pase mal you koalisyion 12 kandida te mande pou yo anile eleksyion an. Lè KEP te resi bay rezilta eleksyion an, kandida yo pete koken , moun pran lari e Ayiti te plonje nan you lot kriz vyolans pou denonse magouy ki te fet nan eleksyion sila. Nou telman paka antann nou se OEA ki gen manda pou-l rekonte vot yo e nan sans saa dezyem tou eleksyion  ranvoye e pyes moun pa konn pou kilè, ni  kilè Preval prale. Se kesyion sa tout moun ap poze jounen jodi-a

Mezanmi men istwa peyi Dayiti pou ane 2010 la, you ane madichon, malatyionn, you ane piman ki pote tout mizè. Anpil moun di eske 2010 pata you ane pou nou menm ayisyen ta pran kom egzamp pou nou pran konsyans pou timoun nou yo demen pa mande ki sa nou tap fè jan Tropicana d”Haiti dil nan kanaval 2009 li a.

Gerald Toussaint,

Pa Gen Jwet Nan Lanmou

Nan vill Letwa , listwa rakonte te gen you fanmi kite rich anpil e fanmi saa sete fanmi Labbé. Mouche ak madan Labbé te genyen twa pitit fi: Michelle, Ritha ak Letude.Mwen konn tande manman-m ap di sete twa bel pitit fi ke moun saa yo te genyen.Fanmi saa moun nan zon nan te respekte yo anpil paske yo te gen anpil kob e anyen pat vle di anyen pou yo. Gen moun ki te menm panse ke Mouche Labbé sete gwo dyab, pa bay tet nou pwoblem pou saa paske lakay se konsa sa ye depi ou gen kob yo ba ou tout non pote.
Twa pitit fi Labbe yo te fè primè nan lekol kay sè. Men de pi gran yo te gen chans al fè res etid yo nan lakou potoprens e jan papa-m ta di nan gwo lekol,lekol ki gen gwo non , men ou konnen yo pat sot ditou.Lè yo finn fè etud yo , manman yo ak papa yo voye yo pati nan peyi etranje.Lafanmi Labbe te vinn gen you sel pitit ak yo sete Letude kite denye pitit. Nou konnen yo toujou ap di saa denye pitit toujou dolote. Yo te telman dolote Letude apre setifika yo pa voye-l Potoprens , yo fel enskri nan lise-a. madan Labbé toujou di Letude se de grenn je nan tet li, lot de yo pala yo nan peyi etranje saa se pa li. Chak maten ou ka we Madan Labbe kap akonpaye Letud pou-l al lekol e lè lekol lage li toujou fè menm bagay la.
Lè Letude vinn ap fè katryem li kwaze ak Jean -Robert ki se pitit Manzè Roze, moun nan zonn Korosol, moun zafè pa bon, moun kap kole pyese , moun kap chache lavi.Listwa menm rakonte ke Rose pran Jean -Robert nan chowet li, e jan Robert pa konn papa li.Menm si saa Rose te vle pitit li a tounen kichoy nan vil li.
Lè Letude rankontre ak Jean Robert sete byen yo te byen , ti zanmi lekol.Men amitye saa vinn telman donnen fè Letud vinn damou Jean-Robert, you bagay ke misye pat gen laj pou-l te konprann.Jean Robert te pè anpil paske li konn ap mande tet li eske se reve lap reve kouman fè ke Letude renmen li, li konn pase plizyè jou, menm pale li pa sou pale ak e lè konsaa se touye li touye madmwazel Letude.You bel timoun tankou Letude s epa renmen li pat renmen li non, men li te pè.
Lè yo ap fè segond aprè you kou literati sou zafè lanmou Rodrigue ak Chimen , Jean-Robert pandan rekreasyion te pouse lodas li deyo poul mande Letude pou ki saa li renmen li, avek anpil timidite Letude dil ke se mouri lap mouri pou li e anyen paka fel pa renmen li.E sela Jean Robert vinn wè ke se bagay tout bon.
You apre midi pandan Letude sot lekol Mouche ak Madan labbe tap tann li sou galeri ak you manman mari ki file pase zegwi, li pat konprann pou ki saa yo te gen fret saa nan men yo paske li pat janm konn pran kou.Premye saa madan Labbe te dil se:Eske se se mennaj li voye-l al fè nan lekol la e kom li pat ka reponn li te pran anpil bwa nan men ni manman ni papa.Madan Labbe te dil li ta chache you lot moun men se pasa li tande-a e you te menm dil sil pa kanpe koze renmen saa yap depote li.Letude pat wè li pat tande bali Jean Robert e li te toujou di manman-l ak papa li genlè pa konnen si lanmou pi fo ke tout bagay.Mouche ak madan Labbé to konn bagay saa paske bagay saa te pran tout lise a pou li e nou konnen pawol pale e you pwofese kite byen ak yo te kase moso bayo na pawol saa.
Lè pou Letude fè filo se Potoprens yo te fè li ale, men li te toujou pran ti randevou li ak Jean-Robert. Bagay la ap manje Madan Labbé tankou you kansè, menm non Jean Robert li pa vle tande.You jou pandan Letude sot lekol bonn nan dil ke li tande manman-l ki di li lap fe tout sal konnen pou li touye Jean Robert. Sa li te fè li te chache jwen misye poul dil saa.
Yo pot ko tan yo bayy rezilta bak yo fè Letude pati men saa pat solisyion an. Aprè dezan nouvel la tonbe, Letude ansent lot bo a e li marye ak Jean -Robert. Wap poze-m kesyion pou ou mande kouman Jean Robert fè rive la. Anben anvan Letud pati li al nan fon malet la papa li , li pran lajan li voye bay Jean Robert, li dil degaje-l vinn jwenn li.Sezisman bagay saa touye ni mouche ni madan Labbé tet nwè. sa mwen pa renmen kay demoun sa yo , yo pa janm met prent pye yo ayiti e yo di yo fe kat pitit, fi selman.

Gerald Toussaint