KITA NAGO, pou fè nou sonje ki moun nou ye – Rapadoo Observateur!

Nan yon peyi kote ki gen tout kalite pwoblèm, nan yon peyi kote sa yo rele chen manje chen an ap vale teren, nan yon peyi kote mo ki rele fratènite pa egziste, nan yon peyi kote se chak koukouy klere pou je yo, depi premye Janvye 2013 gen you fenomèn, yon lide, yon evènman, yon KITA, yon NAGO ki ta sanble pi popilè nan moman an pase tout lòt bagay.

KITA NAGO se lide youn nan gwo pitit peyi Dayiti, tout moun rele l Mèt Fèy Vèt e li jwenn kolaborasyon anpil lòt gwo moun tankou Smoye Noisy pou m site sa sèlman. Se yon bout bwa akajou ki peze apeprè  500 kilo. Lide a, se kisa li ye ekzakteman? Se pote l ak men soti nan pwent Sid e rive nan pwent Nò peyi a. Pou nou pi klè, li soti Lèziwa ki se KITA a pou l rive Wanament ki se Nago a.  Nan moman n ap ekri tèks sa-a KITA NAGO nan wout pou l rive nan site Endepandans la ki se Gonayiv.

Nou toujou tande granmoun lontan repete fraz sa-a souvan sitou lè yo move: « mwen pap fè yon pa KITA, yon pa NAGO », sa vle di yo pap fè wonn pòt. Pou lide  Mèt Fèy Vèt la , pwovèb sa-a, konsèp sa-a ap chanje, paske se yon Bwa ayisyen ap pote soti nan yon zòn pou ale nan yon lòt zòn, anviwon 700 kilomèt.

Depi kote yo demare ak pwojè sa-a se kontantman toupatou e chak kote li pase se tout moun, granmoun kou timoun, pè, pastè, vodouyizan, pik kou mawon, zannanna kou pengwen ki bezwen wè l e ki bezwen touche l oubyen pote li. Jan Mèt Fèy Vèt di l la si li menm li fou, lide a pa fou. Nou tande anpil moun ki pale, ki apresye sa k ap fèt la e genyen anpe moun menm ki di se yon zafè Vodou. Ou ta menm poze kesyon pou ou di èske oubyen depi kilè Ayisyen te pè zafè Vodou  konsa? Gen de kote nou wè gen moun k ap goumen  pou yo pote KITA NAGO e moun monte sou tout pyebwa e menm sou pilòn elektrik pou yo ka wè li. Nan zòn Akayè nou te kontan pou nou te wè yon timoun ki bo bwa sa-a de fwa. Gen de kote se ak kout tanbou, vaksin yo resevwa li. Èske nou poze tèt nou kesyon pou kisa? Èske nou mande tèt nou pou ki sa-a KITA NAGO trennen tout pil pakèt moun sa-yo deyè li?

Anvan mwen tante reponn kesyon sa-a mwen pa kwè mèt lide a, Mèt Fèy te kwè inisyativ li a t ap reyisi konsa. Lakay nou depi you moun gen yon lide oubyen yon pwojè nan menm estil KITA NAGO a, yo di li fou oubyen yo di li anvi fè politik. Mezanmi si m manti di mwen manti: si KITA NAGO se yon bout bwa, jan yo di a, ki soti nan Grandans pou l ale nan Nò e Ayisyen aksepte l e akeyi l ak kout tanbou, banbou, sa vle di, yo wè tèt yo ladan l. Yo konprann, inite posib e reyalizab, yo konprann lè yo mete tèt yo ansanm gen anpil anpil bagay ki ka fèt, yo konprann gen de bagay yon grenn moun pa ka reyalize. Mezanmi, nou wè depite, majistra, senatè ki kore mouvman sa-a, e menm prezidan an ak premye minis la vin sipète mouvman an. Sa vle di KITA NAGO se yon kòmansman, yon entwodiksyon pou fè nou pran men nou.

Malgre nou pòv, malgre yo mete nou pami peyi ki pa bon ditou yo,  nou ka fè sa-a ki bon. Nou bliye si nou te mete youn nan pi gwo lame nan moman an deyò pou nou te ka pran endepandans nou, nou bliye pafwa si nou se premye ti peyi nèg nwa ki te premye pran endepandans, nou bliye twò fasil.

KITA NAGO ta sipoze yon boustè, yon antidòt, yon medikaman, yon bouyon ki  gen tout kalite fèy ladann, yon manje lèzanj, yon rasanbleman, yon kòve, yon kout vaksin banbou, yon kout lanbi pou fè nou sonje ki moun nou ye. Ayiti rive nan yon bout tout moun pè paske yo panse yon bon maten bato sa-a ap koule. Pou ou menm k ap dirije, pou ou menm ki senatè, depite azèk, kazèk, majistra elatriye, pou ou menm ki Ayisyen KITA NAGO pote pou ou yon mesaj ki di: sispann panse pou tèt ou, sispann kraze brize, sispann vòlè, sispann rayi ayisyen kibò kote w, sispann chen manje chen sa-a. Li lè li tan pou nou mete tèt nou ansanm pou nou sove Ayiti, ki se manman nou tout; e si nou pa fè l, nou genyen pou nou kriye e lè sa-a pa genyen moun k ap ka ede nou.

Se pou lide KITA NAGO a travèse tout ayisyen san distenksyon, se pou l fòtifye nou e fè nou sonje lè nou mete tèt nou ansanm nou ka fè sa-a okenn nasyon nan mond lan poko janm fè.

Gerald Toussaint

 

Haiti Liberte: GNBis yo rele Aristide, pèp la reponn prezan!

Manif pou sipote AristideYon lòt fwa ankò pèp ayisyen an, nan kat kwen peyi a,
sòti Wanament pou rive Lèziwa, pase Latibonit, Plato Santral al nan
Sidès, te pote solidarite yo yon fason ou yon lòt ak lidè istorik ak
karismatik yo a, Jean Bertrand Aristide. Jan yo di l anba foto l yo te
leve anlè nan tout pakou manifestasyon an : «Tan k w ap pèsekite l, tank
nou renmen l. » Aprè 2 koudeta sanglan ki touye plizyè santèn milye
Ayisyen ak 7 lane egzil, pèp ayisyen an pwouve li rete atache ak lidè
li, ki se Jean Bertrand Aristide, GNBis yo kontinye ap pèsekite pandan y
ap sèvi ak aparèy jistis la. – Haiti Liberte.